Yo toujou di Ayisyen pa ka fè anyen ki bon, yo toujou di ti nèg nwè pa ka fè anyen. Èske se vre? Yon 23 Mas 1963 nan lakou Okap, yon ekip jenn gason ki chaje ak fòs ak kouraj, ak detèminasyon lanse yon mouvman, lanse yon lide, lanse yon pwojè, lanse yon konbit e fòme yon djaz  ki pral pran anpil chaplèt anba yon ekip moun nan epòk sa-a kite panse se yo e yo menm sèlman ki ka fè e defè.

15 Dawout 1963, malgre pwoblèm ak difikilte, ofisyèlman Tropicana d’Haiti pran nesans, jou fèt Nòtredam. Lakay nou depi ou pa pitit gwo zouzoun, se kòmsi ou pa kanpe sou anyen, depi ou pa pot gwo non ou pa nan batay. Tropicana D’Haiti sa-a tout moun konnen jounen jodiya, k ap fè tout moun danse, tout kote li pase li mete byen wo kilti peyi a,  pat epaye règ sa-a. Yo te konvèti non Tropicana sa-a an Twapyekanna, yo te menm di pye kanna pa monte tab. Istwa menm rakonte, lè djaz sa-a ap fè bal, gen kèk mizisyen lè yo sot lakay yo, yo pat janm vle mete inifòm nan paske depi moun wè yo y ap rele: men you mizisyen Pyekanna. Malgre tout  pwoblèm sa-a yo, mizisyen epòk sa-a te gen kouraj pou yo kontinye batay sa-a. Pou nou ale pi lwen, e pou nou repete Louis Jean-Lubin ki se yon ansyen Mayestwo djaz la e ki toujou yon aktif twonpetis, ki di: « Nou konn ap fè bal tèlman konn pa gen moun, lòt djaz k ap jwe konn vin bwote depi se chèz ki nan bal pa nou an ». Sa se te yon ti ekzanp mwen te vle bay .

Jounen jodiya Tropicana sou wout pou l fete 50 ane. Yon 50 ane ki vle di anpil bagay. Mezanmi pèmèt mwen fè ti konparezon sa-a: Tropicana se menm jan ak yon pitit malerèz ki leve nan yon katye kote ki gen gran nèg, kote ki gen malerèz, manman l ak papa l se dlo y ap bat pou yo fè bè, an franse nou ta di se vivote y ap vivote . Yo mete Tropicana lekòl, pafwa li pa jwenn manje pou l manje, pafwa se ak yon soulye chire, yon pantalon demode, yon chemiz chifonnen la l lekòl e pafwa lòt zanmi li yo ap anmède l, malgre Tropicana pase mizè sa-yo, li pote e toujou pote bon rezilta lekòl. Ak kouraj, fòs, ak detèminasyon, Tropicana fin lekòl e li soti youn nan pi gwo doktè ki gen nan peyi a e tout moun ki Ayiti ou nan peyi lòt bò dlo konnen li.

Si genyen yon enstitisyon Ayiti ki respekte moun, ki respekte kliyantèl li, ki gen nòm ak prensip ta sanble se Tropicana. Se sèl Djaz ki pa gen sipèsta ladann, e si gen sipèsta ta sanble se non an: Tropicana d’Haiti. Pa gen fanmi, pa gen enstitisyon, pa gen òganizasyon ki pa gen pwoblèm, nou konn pou kisa: se paske se moun k ap jere yo; konn gen pwoblèm nan djaz sa-a, paske mizisyen ki ladan l yo se moun menm jan ak tout moun yo ye. Men, yo toujou fè yon fason pou yo rezoud pwoblèm sa-a san li pa afekte djaz la, san li pa afekte fanatik yo, e peyi a.

Youn nan pwen mwen ta renmen souliyen nan ti atik sa-a se: mizysyen Tropicana yo se vrè pwofesyonèl. Gade yo pandan yon ti moman k ap jwe, gade fason yo abiye, gade fason yo akeyi ou menm kòm fanatik, gade fason yo evolye sou senn,  epi w a di m kisa ou panse. Pou m repete Pierre Pelotat, ki se gitaris e nan menm tan an administratè djaz la, li di: « Sa rive nou plizyè fwa nou vwayaje, nou pran bis pou n soti yon kote pou n ale yon lòt kote, chofè a pa konn si se mizisyen yon djaz l ap transpòte. »

Yon peyi tankou Ayiti yo di ki pòv, yon peyi, kote yo di nou pa ka jere tèt nou, yon peyi kote ki gen tout kalite pwoblèm. Se peyi sa-a wi ki gen yon Djaz, yon Òkès, yon Enstitisyon ki respekte tout prensip yo, ki rele Tropicana d’Haiti e ki nan kèk jou ankò pral fete 50 ane. Mayestwo Ti Blan gen rezon lè l di: « tout ayisyen kèlkeswa kote li ye ta dwe fyè, ta dwe santi l fyè lè y ap pale de Tropicana D’Haiti.

Tropicana, nan kèk mwa ankò ou pral fete 50 ane, mèsi anpil pou bèl mizik, mèsi anpil pou bèl tèks ou yo, mèsi pou bèl melodi, mèsi pou chagren ou retire nan kè nou chak jou, mèsi pou konsyans ou fè nou pran nan lavi nou, nou swete ou kontinye viv pou toutan gen tan.

Chapo!

Gerald Toussaint

About these ads